Matye 9:1-8
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi geri yon nonm paralize
(Mak 2:1-12; Lik 5:17-26)
9 Jezi monte yon ti bato, li travèse lak la pou li retounen lakay li.[a] 2 Yo mennen bay Jezi yon nonm paralize ki kouche sou yon branka. Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!”
3 Kèk pwofesè lalwa te tande sa Jezi te di. Yo t ap di nan kè yo: “Sa a se yon blasfèm!”[b]
4 Men, Jezi te konnen sa k t ap pase nan tèt yo. Li di yo: “Sa k fè panse nou sal konsa? 5 Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? 6 Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”
7 Nonm nan leve, l ale lakay li. 8 Moun ki te la yo te pè anpil, men yo glorifye non Bondye tou paske li bay yon nonm kalite pouvwa sa a.
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International